Depatman Sèvis Entèprèt nan Boston Medical Center  se youn nan pi ansyen pwogram sèvis entèprèt nan New England. Depatman nou an travay pou asire ke tout pasyan ki pale yon lang ki pa anglè oswa ki soud oswa ki mal pou tande ka jwenn tout swen yo bezwen nan pwòp lang yo. 

Nou bay pasyan yo ak fanmi yo entèpretasyon medikal ki kalifye ki vle resevwa enfòmasyon sous wen sante yo nan yon lòt lang ki pa Anglè, tankou Lang Siy Ameriken.

Entèprèt yo disponib gratis, 24 èdtan pa jou,  sèt jou pa semèn. Pou pasyan ki soud ak pasyan ki tande di, nou gen TTY ak aparèy pou ede tande  ki disponib sou demand . 

Entèprèt yo disponib an pèsòn, pa telefòn ak videyo pou asire aksè a plis pase 150 lang popilasyon pasyan nou an pale. Ladann gen entèpretasyon pou 14 lang ki pi pale pa pasyan nou yo:

  • Panyòl
  • Kreyòl Ayisyen
  • Pòtigè
  • Kreyòl Kap Vèt
  • Vyetnamiz
  • Arab
  • Amharik
  • Fransè
  • Mandarin
  • Kantonè
  • Somali
  • Tigrinyen
  • Lang an Siy Ameriken

Si’w bezwen yon entèprèt pou vizit wa nan BMC, tanpri di founisè swen sante’w la.  Yo ap asire ke’w gen yon entèprèt ki disponib pou tan w’ap pase nan BMC.

Tanpri pa mennen okenn moun pou entèprete pou yo oswa itilize manm fanmi yo pou entèpretasyon medikal, paske sa pa pèmèt dapre lalwa federal.

BMC bay enfòmasyon sou sante alekri tou nan plizyè lang, tankou rapò apre vizit, ansanm ak Mychart, pòtal pasyan nou an, an Panyòl.

Enfòmasyon Biwo’a

De Lendi a Vandredi  8:30 a.m. rive 5 p.m.

Yawkey Building
850 Harrison Ave
Sousòl (basement), Sal(room)  BN-38
Boston, MA 02118

Pou plis enfòmasyon, rele Depatman Sèvis Entèprèt la nan 617-414-5549